Depi nan kòmansman, Bondye te kreye lèzòm pou l viv nan abondans, nan lapè ak nan pwosperite. Povrete pa janm te nan plan Bondye pou pitit li yo. Malerezman, peche, neglijans prensip espirityèl yo ak chenn eritaj familyal fè anpil moun ap viv anba opresyon povrete. Men gen yon verite ki toujou ret vivan : Pawòl Bondye a gen pouvwa pou kraze tout chenn, e lapriyè ak deklarasyon lafwa kapab dechèpiye tout baryè ki kanpe kont lavi pitit Bondye yo. Liv sa fèt kòm yon gid espirityèl pou ede w leve tèt ou nan lapriyè, pou deklare avèk lafwa Pawòl Bondye sou lavi ou, epi pou wè transfòmasyon reyèl nan domèn finans, fanmi, vizyon ak avni ou. Se pa yon liv pou li sèlman, men yon zouti pou pratike, yon konpayon chak jou pou batay kont povrete epi ouvri pòt benediksyon Bondye deja prepare pou ou. Paj sa yo ranpli ak deklarasyon lapriyè ki chita sou Pawòl Bondye, pou w ka proklame pwomès li yo sou tèt ou. Pandan w ap itilize yo, sonje : pouvwa lavi ak lanmò nan lang ou. Chak fwa ou deklare avèk lafwa, ou lage yon fòs nan syèl la ki pral manifeste sou latè. Se swè m ke liv sa vin tounen yon kle nan men ou pou kraze chenn povrete, pou w viv lib, pou w antre nan lavi plen ak favè Bondye. Leve ak kouraj, sèvi ak pawòl ki ekri yo kòm zam, epi prepare w pou temwaye kijan Bondye kapab chanje istwa ou nèt ale.