The Creole English Grammar

$27.95
by Tercius Belfort Noëlsaint

Shop Now
The Creole-English Grammar (it is written in the book Kreyòl) is one of a series of Bèl Kontwòl kreyòl books designed to teach or learn the Haitian French-based but African-rooted Creole language by taking control of it and by comparing it with other languages, namely English, Spanish, and French, among others. Nowadays, speaking only one language is not enough in this era of globalization. The Creole English Grammar By Tercius Belfort Noëlsaint AuthorHouse Copyright © 2015 Tercius Belfort Noëlsaint All rights reserved. ISBN: 978-1-5049-0328-8 Contents Chapit 1: Konsiderasyon sou lang an jeneral ak sou kreyòl an patikilye, Chapit 2: Lang kreyòl an jeneral, Chapit 3: Kreyòl ayisyen / the Haitian Creole, Chapit 4: Aprantisaj kreyòl ayisyen an / The Haitian Creole Learning, Chapit 5: Konesans de baz pou aprann kreyòl ayisyen an, Chapit 6: Reg Gramè Kreyòl / The Creole Grammatical Rules, Chapit 7: Pati diskou yo / The parts of speech, Chapit 8: Non an kreyòl / Creole Nouns, Chapit 9: Pwonon / Pronoun, Chapit 10: Adjectif / Adjective, Chapit 11: Vèb an kreyòl / Verbs in Creole, Chapit 12: Konjigezon vèb kreyòl, Chapit 13: Prepozisyon (Preposition), Chapit 14: Konjonksyon (Conjunction), Chapit 15: Advèb (Adverb), Chapit 16: Entèjeksyon (interjection), Chapit 17: Dyalèk kreyòl / Creole Dialect, Chapit 18: Teknik tradiksyon kreyòl-English / Translation Creole-English techniques, Chapit 19: Lang ak kilti kreyòl / Creole language and culture, Chapit 20: Konparezon ekspresyon an plizyè lang / comparison of some expressions in various languages, Chapit 21: Kontak franse ak kreyòl / Contact of the French with the Creole language, Chapit 22: Dokiman Kreyòl / Documents in Kreyòl, Chapit 23: Koudèy sou literati kreyòl /An overview on the Haitian Creole Literature, Chapit 24: Vokabilè Kreyòl-anglè nan fraz Creole-English vocabulary in sentences, Chapit 25: Fòmasyon ak orijin mo kreyòl yo, Chapit 26: Bank egzèsis / Bank of exercises, CHAPTER 1 Konsiderasyon sou lang an jeneral ak sou kreyòl an patikilye 1.1 GENERAL APPRECIATION 1.1 Konsiderasyon sou lang an jeneral Pale de (2) lang jounen jodi a pa sifi. Kounye a, nou nan moman globalizasyon, nan moman pwogrè teknolojik, syantifik ak enfòmasyon. Se yon moman chanjman rapid, jan Thornburg te prevwa sa depi an 1992. Dapre li, apati lane 2000, nou t apral viv nan yon moman de: "chanjman rapid, yon mond globalize, yon tan de avansman nan edikasyon teknolojik moun potko janm wè ... An menm tan tou, se yon tan ki plen anpil defi, menas ak opòtinite". Nan menm ide sa yo, koleksyon Bèl Kontwòl kreyòl sa a prevwa chanjman yo ap afekte jan moun aprann yon lòt lang e se pou sa nou prepare nou pou leve defi a. Anplis, yon moun ki bezwen aprann yon lang dwe konpare pwòp lang li deja konnen an ak sa lap aprann nan. Konsa tou, nan koleksyon sa a, nou mete anpil enfòmasyon ki gen pou wè ak konvèsayon chak jou, vokabilè anpil lòt matyè moun aprann lekòl, refleksyon ak anpil lòt tèm jeneral, san konte anpil egzanp ak egzèsis, dekwa pou aprantisaj la ka sanble tèt koupe ak anbyans lavi kouran moun k ap aprann nan. Pa konsekan, nou panse [ke] liv kreyòl sa yo kapab itil nan plizyè aspè. Si ou genyen li nan men ou, pa kouri mete l yon kote. Si w poko genyen l, chache fè sa. Li posib yon lè, ou ka bezwen l. 1.2 KONSIDERASYON PEDAGOJIK Nou te wè pou yon moun aprann byen yon lang, li dwe konsidere yon seri faktè ki rele KLEP, sa vle di Koute moun kap pale lang lan, Li lang lan, Ekri lang lan e Pale li. Se avèk rezon filozòf la te di tout konesans nou genyen pase nan sans nou yo (zorèy, je, men, bouch ...). Metòd KLEP-KREYOL la se yon manyè, yon fason pou moun kapte, nou ta di menm "vòlè" kreyòl la rapid mete nan tèt li. Se yon metòd global total kapital. Ann pran kèk egzanp : Yon moun ki pale espanyòl byen konnen diferans an pwononsyasyon, an ekriti e an siyifikasyon ant taza (cup) e tasa (tax); ant jamón (jam) y jabón (soap); ant bellón e ficha (moneda, según la región), etc. Si yon moun pale franse byen, li konnen diferans ant "yeux" e "oeils"; ant "aïeux" et "aïeuls" e li konnen pwononse byen fraz sa a "les héros de l'indépendance". Si yon moun maton nan anglè, li kapab distenge pwononsyasyon e siyifikasyon mo sa yo, pa egzanp: "child and children"," island", to lead and the lead (metal), elatriye (elt). Moun sa yo te pase nan kat etap aprantisaj lang yo. 1.2.1 Pouki sa yon moun ta dwe aprann yon lòt lang? Yon moun kapab aprann yon lòt lang pou plizyè rezon : (1) pou l kominike ak lòt moun (enteraksyon), (2) pou l aprann lòt enfòmasyon ak lòt kilti, (3) pou l fasilite vwayaj li aletranje, (4) pou l ede lòt moun, (5) pa kiryozite, (6) pou fè tan pase, (7) paske lang lan bèl, (8) pou rezon travay, pami lòt rezon ankò. Ou ka gen pwòp rezon pa ou pou aprann kreyòl. Tout moun bezwen kominike nan yon lang. Dapre Andreas Kemke (Andrews Larry, Linguistics for L2 Teachers, p. 20), menm Bondye genyen yon lang: Li konn pale swedwa, ta

Customer Reviews

No ratings. Be the first to rate

 customer ratings


How are ratings calculated?
To calculate the overall star rating and percentage breakdown by star, we don’t use a simple average. Instead, our system considers things like how recent a review is and if the reviewer bought the item on Amazon. It also analyzes reviews to verify trustworthiness.

Review This Product

Share your thoughts with other customers